Yon ensidan pase maten dimanche 10 janvye a, bò 3 zè, nan vil Okay, anndan klèb Backyard, ki ta koze tèt Roody Roodboy pete epi lòt moun arive blese.
Daprè sa yon sous ki te anndan bal sa ki te gen pou afich Mass Konpa ak Roody Roodboy, li eksplike nou ke aksyon an pase nan VIP klèb la bò 3zè nan maten, apre Roody te getan fin jwe.
Toujou selon sous sa, tout pandan bouch louvri yo, Mass Konpa te kontinye ap jwe, gwoup mizikal la te sou 2e mizik li nan kad prestasyon an. Gracia Delva ta pral kanpe pèfòmans lan lè li remake atis Roody Roodboy benyen an san, selon eksplikasyon temwen an ak sal redaksyon an.
Touswit apre ensidan an, bal la te tou kanpe, yon bal ki te chaje moun, selon eksplikasyon menm temwen sa.
Nan moman atik sa t ap ekri a, atis la ki viktim pa fè okenn kòmantè. Redaksyon an te chache rantre an kontak ak li pou plis detay men an ven paske n pa jwenn li.