Wilfrid Pierre yon enspektè nan lapolis nasyonal la mouri jodi jedi 7 janvye a, zòn Dèlma 3, apre l fin resevwa 2 katouch nan tèt anba men nèg ak zam moun pa rive idantifye.
Enfòmasyon an konfime pa sal redaksyon an apre ke n te fin pale ak yon pwòch li ki eksplike nou ke Wilfrid te apèn soti nan yon bank zòn anba
Dèlma a epi 3 nèg ki te sou moto tire sou li ki fè l resevwa 2 katouch nan tèt epi ale mouri sou kabann lopital, selon eksplikasyon youn nan pwòch viktim lan.
Wilfrid Pierre se yon nouvo viktim ki vin lonje lis polisye ki tonbe an